Logifem, yon sant ebèjman pou fanm ki nan difikilte

Si ou gen difikilte epi w ap chache yon lojman ak sipò pou fè fas ak sa, pa ezite rele nou nan 514-939-3172.

Kisa Logifem ye ?

Logifem ofri ebèjman ak sipò pou fanm ki genyen oswa ki pa genyen timoun nan Montréal.
Rezidans prensipal nou an genyen 14 chanm prive pou fanm ak sis chanm ki pi gwo pou mete fanm ki gen timoun yo. Genyen douch tou ak espas ki pataje ak lòt. Dire maksimòm sejou a se yon lane.

Nou genyen tou 13 apatman tranzisyon, epi genyen sis ladan yo ki rezève pou fanm monoparantal. Dire sejou maksimòm nan se twa lane. Fanm yo peye 25% nan revni yo pou lwaye a e yo dwe gen yon pwojè pou yo entegre nan sosyete a ankò, li kapab se yon pwojè pwofesyonèl oswa pou retounen ale etidye. Nòmalman, yo dwe pase nan premye rezidans la pou yo ka gen aksè a yon apatman.

Pou kilès ?

Logifem aksepte tout fanm kèlkeswa difikilte yo, estati yo, orijin yo oswa lang yo pale. Sepandan, yo dwe reponn ak kritè sa yo :

  • Yo dwe gen laj 18 pou rive 65 lane
  • Yo dwe nan bon kondisyon fizik pou itilize eskalye yo pou rive nan twazyèm etaj epi fè divès travay yo mande rezidan yo pou akonpli chak semèn : lave veso, netwaye douch, etc.
  • Yo dwe kapab bay kotizasyon chak mwa a pou kouvri depans manje, pou gen aksè nan machin lesiv la, machin pou seche a, televizyon ak òdinatè a, ki se :
    • 400 $ pou yon chanm endividyèl
    • 50 $ pou chak timoun ki gen plis pase 6 mwa
    • (Genyen posiblite pou nou fè yon antant pèman avèk ou si ou ta gen pwoblèm
      finansye ki tanporè. Ou kapab pale ak entèvenan nan respesyon an sou sitiyasyon w ap viv la)
  • Nan ka ou ta gen pwoblèm nan kesyon depandans dwòg oswa alkòl, fè yon swivi/terapi
  • Pran tout medikaman yo jan yo preskri ou yo (ou dwe konsève medikaman yo nan biwo entèvansyon an)
  • Ou dwe dispoze pou entèvenan an ka fè yon swivi sikososyal pou ou
  • Ou dwe angaje ou pou respekte prensip kay la
  • Ou dwe genyen timoun ki genyen 12 lane oswa mwens ke sa

Nou eseye kominike sa ki esansyèl bay fanm ki ebèje yo kèlkeswa lang yo pale e nou kapab fè apèl ak entèprèt si sa nesesè. Sepandan, nou pwomèt sèlman sèvis an anglè ak fransè. Gen kèk nan entèvenan yo ki pale lòt lang (kreyòl, arab, panyòl, italyen, lengala).

Kòman nou ede ?

Logifem kapab ede ou si ou nan yon sitiyasyon difisil lè li ofri ou yon kote ki an sekirite pou ou viv, yon chanm prive, twa repa chak jou ak twa kolasyon, yon espas ki rezève pou lesiv ak aksè avèk entènèt.

Anplis satisfaksyon bezwen materyèl ou yo, Logifem ofri yon swivi sikososyal pou tout fanm ki ebèje yo. Lè ou fèk rive, yon entèvenan sikososyal ap resevwa ou e l ap sipòte ou ak akonpaye ou pandan tout dire sejou ou a. Chak semèn, w ap genyen yon rankont k ap dire 45 minit konsa ak entèvenan sa a. L ap eseye sipòte ou pou kapab atenn objektif ou yo ke ou menm te idantifye poukont ou. Èd sa ka vle di se yon ekout atantiv, sipò, enfòmasyon, akonpayman pou kèk demach ak mwayen pou jwenn lòt resous itil.

Temwayaj yon rezidan : « Ak Logifem, yo ede ou e yo montre ou ke lavi a bèl e nou la pou nou avanse, pa retounen nan pase oswa pwoblèm yo. Si nou la, se pou nou bliye yo, epi regle sa youn pa youn nan tout trankilite, men ak sètitid ».

Ki kote ?

Logifem se yon sant ebèjman ki nan Sidwès Montréal tou prè yon estasyon tren. Nou pa bay adrès la sou sit wèb la pou kesyon sekirite lokal yo. Yo kominike fanm nan lokal egzat la lè yon aksepte li nan pwogram nan.

 

Ki etap ou dwe swiv pou ou rete ladan li ?

  1. Rele Logifem nan 514-939-3172. Nou ouvri 24 sou 24 ak 7 jou sou 7. N ap envite ou nan pwochèn seyans enfòmasyon an. Si ou bezwen yon lojman imedyatman, n ap kapab gide ou pou jwenn resous ki apwopriye a.
  2. Patisipe nan rankont enfòmasyon an : Si ou swete pase yon sejou nan Logifem, vini patisipe nan yon seyans enfòmasyon, li fèt jeneralman nan madi aprè midi, pou ka konnen plis sou sèvis n ap ofri a. Aprè sa, fanm ki entèrese ak Logifem yo, kapab ranpli yon fòmilè aplikasyon annapre epi diskite sou sitiyasyon yo ak entèvenan nou an k ap resevwa yo a.
  3. Rete an kontak : Aprè sa, ekip travay la ap asire li ke Logifem se bon resous la pou ou. Sa ka rive ou rete tann yon ti moman anvan gen yon chanm ki vini disponib (sa ka pran kèk jou oswa kèk mwa). Li enpòtan pou ou rele chak semèn pou montre ke ou toujou entèrese. Entèvenan nan resepsyon an ap kontakte ou lè gen chanm ki disponib e l ap diskite avèk ou sou detay yo.

Pou konbyen tan ?

Ou kapab rete nan sant ebèjman an jiska yon lane.

Nou genyen apatman tranzisyonèl tou, nou ofri yo bay fanm ki te rete nan Logifem, lè yo disponib. Lwaye a reprezante 25% nan revni an e fanm yo kapab rete ladan li jiska twa lane. Ou dwe gen estati rezidan pèmanan oswa kòm sitwayen epi ou dwe reponn ak lòt kritè Biwo Minisipal Abitasyon an nan Montréal pou ou ka gen aksè ak li.

Pou tout kesyon

Pa ezite rele nou nan telefòn oswa pale ak youn nan entèvenan nou yo si ou bezwen presizyon oswa si ou genyen kesyon: 514-939-3172

Lòt resous itil

Men kèk nimewo ak sit wèb ki kapab itil ou.

INFO SOCIAL 811 (ENFO SOSYAL 811)
Info-Social 811 (Enfo Sosyal 811) se yon sèvis ki pèmèt ou itilize telefòn gratis ak tout konfidansyalite.

Konpoze 8-1-1, yo plis itilize li pou reponn ak enkyetid ki genyen sou sante fizik. Nimewo sa pèmèt ou jwenn yon pwofesyonèl rapid pou entèvansyon sikososyal lè gen yon pwoblèm sikososyal. Yo ofri sèvis la 24 èdtan chak jou, 365 jou nan yon lane. Men egzanp kèk sitiyasyon ki ka mande pou ou rele info-811 (Enfo-811) :

  • W ap viv yon sitiyasyon ki fè ou santi ou anvayi ak ansyete.
  • Ou genyen enkyetid pou yon pwòch ou.
  • Ou gen kèk difikilte nan fanmi ou ak nan koup ou.
  • Ou nan dèy.
  • Ou genyen kèk kesyon konsènan lòt sitiyasyon oswa konpòtman ki fè ou enkyete.
Sant referans grand Montréal (2-1-1)
Sant referans grand Montréal la se tankou yon rejis telefòn pou tout sèvis kominotè ak piblik nan Montréal. Ou kapab rele gratis nan 2-1-1 oswa vizite sit wèb yo a pou kapab jwenn lòt òganizasyon ki ta kapab ede ou ak difikilte ou yo. Yo ofri sèvis la nan lang fransè ak anglè. https://www.211qc.ca/
SOS VIOLENCE CONJUGALE (SOS VYOLANS KONJIGAL)
Si patnè ou a ap fè vyolans sou ou

Rele SOS violence conjugale (SOS vyolans konjigal) – 1 800 363-9010 oswa vizite sit wèb yo a :

http://www.sosviolenceconjugale.ca/

Le Bouclier d’Athéna (Boukliye Atena)
Le Bouclier d’Athéna (Boukliye Atena) ofri sèvis pwofesyonèl ak sipò, entèvansyon ak prevansyon ki adapte yon fason kiltirèl ak lengwistik selon bezwen fanm ki viktim vyolans familyal ak timoun yo epi manm nan kominote etnokiltirèl yo. Travayè sosyal pwofesyonèl yo ofri sèvis nan plizyè lang, genyen entèmedyè kiltirèl ki fòme pou sa nan biwo Laval ak Montréal yo ki asiste yo. Lojman nou yo ofri sèvis ebèjman an ijans 24 sou 24 ak 7 jou sou 7 nan yon anviwònman ki gen sekirite e ki prepare pou fanm ak timoun yo ki viktim zafè vyolans familyal.

Sit wèb : http://shieldofathena.com/
Telefòn : 1-877-274-8117

Nou ofri yon liy pou enfòmasyon nan plizyè lang tou :
Liy enfoòmasyon nan plizyè lang Boukliye a sou vyolans seksyèl ak resous yo :
514-270-2900 (Montréal)
450-688-2117 (Laval)

ENFÒMASYON SOU DWA YO
Genyen depliyan pou enfòmasyon sou èd jiridik, èd sosyal, edikasyon, fanmi, travay, lojman, sante, asirans travay, etc, ki disponib nan lang sa yo :

  • Fransè
  • Anglè
  • Arab
  • Chinwa senplifye
  • Kreyòl
  • Espayòl

sou sit entènèt sa :

www.servicesjuridiques.org/documentation/depliants/

Òganizasyon kominotè ki bay imigran yo èd

Men lis kèk resous kominotè k ap akonpaye imigran yo :

Ahuntsic-Cartierville

Kafou èd pou moun ki fèk rive (CANA) – (514) 382-0735
Sant sipò pou kominote ki genyen imigran nan Bordeaux- Cartierville CACI) – (514) 856-3511
Lojman CACI – (514) 856-3511
Sèvis kominotè pou refijye ak imigran yo – (514) 387-4477
Sosyete èd pou imigran mwayen oryan yo (SAIMOC) – (514) 332-4222

Anjou
Kafou Solidarite ki nan Anjou – (514) 355-4417
Côte-des-Neiges- Notre-Dame-de- Grâce

Alyans pou akèy ak entegrasyon imigran yo (ALAC) – (514) 737-3642
Byenvini nan Notre-Dame-de-Grâce: Akèy moun ki fèk vini yo – (514) 561-5850
Fanm nan monn lan nan Côte-des-Neiges – (514) 735-9027
Pwomosyon entegrasyon nan yon sosyete nouvèl (PROMIS) – (514) 345-1615
Sèvis entèprèt, èd ak referans pou imigran yo (SIARI) – (514) 738-4763

LaSalle
Akèy pou imigran ak refijye yo nan Sidwès Montréal / Sant PRISME (AIRSOM/PRISME) – (514) 364-0939
Mercier-Hochelaga-Maisonneuve
Akèy lyezon pou moun ki vini yo (ALPA) – (514) 255-3900
Montréal-Nord
Sant Kominotè plizyè gwoup etnik nan Nò Montréal – (514) 329-5044
Pierrefonds-Roxboro
Sant entegrasyon plizyè sèvis nan l’Ouest de l’Île (CIMOI) – (514) 693-1000
Plateau-Mont-Royal

Sant kominotè pou fanm Azyatik nan Sid (CCFSA) – (514) 528-8812
Lojman pou monn lan – (514) 903-9739
Hirondelle, sèvis dakèy ak entegrasyon imigran yo – (514) 281-2038

Rosemont- La Petite-Patrie

Asosyasyon plizyè gwoup etnik pou entegrasyon moun andikape Québec yo (AMEIPHG) – (514) 272-0680
Sant pou Alfabetizasyon nan Sainte-Anne (CASA) – (514) 278-3715
Sant oryantasyon paralegal ak sosyal pou imigran yo (COPSI) – (514) 729-7098
Sant N A Rive Montréal – (514) 278-2157
Kolektif fanm imigran nan Quebec (CFIQ) – (514) 279-4246
Komite èd pou refijye yo ( CAR) – (514) 272-6060
Lojman, Akèy Entegrasyon pou Anplwa – (514) 271-3533
Rezo Entèvansyon pou moun ki sibi vyalans òganize (RIVO) – (514) 282-0661
Sèvis edikasyon ak entegrasyon entèkiltirèl nan Montréal (SEIIM) – (514) 660-5908

Saint-Laurent
Sant Kominotè Bon Kouraj nan Place Benoit (CCCBC) – (514) 744-0897
Sant dakèy ak referans sosyal e ekonomik pou imigran yo (CARI St-Laurent) – (514) 748-2007
Saint-Léonard
Akèy pou imigran ki nan pati lès Montréal (AIEM) – (514) 723-4939
Sud-Ouest

Komite edikasyon pou granmoun nan Petite Bourgone & St-Henri (CEDA) – (514) 596-4422
Sant èd sosyal pou imigran yo (CSAI) – (514) 932-2953

Verdun
Ville-Marie

Aksyon pou Refijye Montréal yo (ARM) – (514) 935-7799
Kafou pou resous entèkiltirèl yo (CRIC) – (514) 525-2778
Sant Afrika – (514) 843-4019
Kle pou entegrasyon nan travay pou imigran yo (CITIM) – (514) 987-1759
Sèvis pou fanmi chinwa nan grand Montréal (SFCGM) – (514) 861-5244

Villeray-Saint-Michel-Parc-Extension
Kafou lyezon ak èd pou plizyè gwoup etnik (CLAM) – (514) 271-8207
Lojman pou Ayiti – (514) 326-3022
Ti men (Petites-Mains) – (514) 738-8989